Estasyon Meteyo nan Jaden: Gid pou Enstalasyon ak Antretyen
Caroline G. Staub, William Eisenstadt, William Blanc, Nicole Monval, Clyde Fraisse, William R. Lusher, George Braun, andLee Staudt
Kondisyon meteyo yo ka jwe yon gwo wòl nan siksè oswa echèk aktivite agrikòl yo. Kiltivatè yo rekonèt sa e se sak fè yo toujou swiv bilten ak previzyon meteyo pou ka ede yo pran desizyon nan sa ki gen pou wè ak irigasyon, pwoteksyon kont fredi ansanm ak anpil lòt desizyon. An Ayiti, an jeneral, kantite estasyon meteyo ki genyen yo tou piti e pifò ladan yo plase nan zòn lavil. Kondisyon meteyo yo nan peyi a konn varye anpil, menm sou yon ti distans ki mezire kèk kilomèt sèlman. Kidonk, gen anpil chans enfòmasyon meteyo ki soti nan yon estasyon ki lavil ka pa reprezante kondisyon meteyo ki nan zòn ki pre jaden yo oswa zòn kote jaden yo ye a menm. Kòm kounye a teknoloji pou swiv sitiyasyon meteyo yo amelyore e vin pi bon mache, anpil kiltivatè konstwi epi enstale estasyon meteyo pa yo ki pou swiv sitiyasyon meteyo kap dewoule nan jaden yo menm. Enstalasyon yon estasyon meteyo bay kiltivatè yo yon opòtinite san parèy pou yo konprann pi byen kòman kondisyon meteyo yo afekte jaden ak betay y